Nan fon labim m ap rele ou
O koute mwen, Senyè!
Se nan ou sèl mwen jwenn sekou
Pou m pa dezespere!
Si ou ta sonje tout peche
Chak moun fè pou ou pini yo,
Ki moun ki ta reziste?
2
Grasa lanmou, nou jwenn nan ou
Padon peche nou yo.
Jistis nou menm pa bon ditou,
Zèv nou se bagay fo.
Nou pa gen dwa vante tèt nou
Pou anyen bon k ap fèt nan nou;
Se gras ou sèl k ap fè li.
3
Tout espwa m se nan Senyè a,
Zèv mwen pa vo anyen,
Se pa sou yo mwen konte,
Lafwa m se nan li l ye.
Mwen kite tout bagay nan men l
Li se fòs mwen, li se lavi,
M ap tann sekou li k ap vini.
4
Menmsi li pa ede m touswit,
Si m oblije tann lontan
De jou pase e menm de nwit,
San m pa kapab konprann;
Kè mwen pa p janm pèdi lafwa,
Li pa p kite mwen nan fènwa
M ap tann sekou l ak konfyans.
5
Peche nou yo te tèlman gran,
Nou te tonbe nan fon ;
Men gras li te pi konsekan
Lanmou li tèlman gran ;
Bèje nou, Sovè nou, se li
Ki vle ofri tout moun lavi
Sove yo nan men Satan.
Ещё видео!