#carnaval #carnaval2022 #hotmen #hotmenrap #jacmel #haiti #culture #hmi #hits #hit @djemfreshole2562 @AGates-pe3uo @merijhonhotmen7520
#mapmouriakhotmensoukèm
Prod: @Freudsevomonte / @Vladimix / @Azgad @SAJ @Maestro @T.Hansyto @Med @TiBass
@Junior
-A Gates-
M anvi fon rezime de tout sa kap pase nou
Menm m wè pa ganyen nan prezan nou k t absan nan pase nou
Pami sak pi mal yo yo te toujou klase nou
So m pa sezi lèm wè anba pon Texas nal fè katye nou
-Koral-
pwop tèt nou nap jere mal
Sa n vle lòt fè avè nou
Nou paka viv ansanm
Kòman lòt pwal fè viv avè nou
Ayiti Cheri te si bèl kounyal son simitye
Rive matisan c kadav wap jwenn selman ak pousyè
-wooney-
Nou paka pale de fyete
Nou paka pale peyi
Nou paka pale sosyete
Nou paka pale patri
Nou tet anbaa
Nou zonbifye
Le yo ba n lod n obeyi
Kounya gad eta n
C nou k responsab reta nou (Bis Koral)
-Koral-
pwop tèt nou nap jere mal
Sa n vle lòt fè avè nou
Nou paka viv ansanm
Kòman lòt pwal fè viv avè nou
Ayiti Cheri t si bèl kounyal son simitye
Rive matisan c kadav wap jwenn selman ak pousyè (bis)
-Djemfresh & KORAL-
Rèv ou avniw laviw
Pa sou kont tèt ou
Alezz ou ak antre sotiw
pa sou kont tèt ou
_A. Gates _
Si jezi ki jezi
T jwenn on bon samariten
Pouki nou menm ayisyen n pa ka jwenn peson pou
Ede n’ pouse
ede n’rele
ede n’ kriye
n’ pa k jwen pèsò n pou (bis)
-Djemfresh & KORAL-
Dimanch lendi madi
Ou pa sou kont tet ou
Zòrey ou sentiw pleziw
Pa sou kont tet ou
Chalè beton sa sel Hotmen ki genyen l
Pa goumen ak tèt ou
Atansyon tout fanatik jazz la de men anle edem rele oooo
-Koral-
iyalala iyalala
iyalala iyalala eeeee
iyalala iyalala
iyalala iyalala eya
-Pozekò-
Lè n pran yo
Kale yo
Fwete yo
Pliye yo sakaje yo
Se nou ki jere sa
Pa gen deba sou sa (bis koral)
-KORAL-
Nou pap fon pa nou pap lagel ba yo
Yo vle pran ti bout tè a pou fè afè pa yo
Yo fè granmoun kriye
Yo fe ti moun kriye
Men Dlo pa janm koule nan je pa yo(bis)
Yo vide prezidan atè
Yo vide inosan atè
Yo vle fe jenes la pè
Fè n lage chaa fè n pran kanntè(bis)
-Koral-
oooooooo
ooooo
oooooo oooo ooooo
Nou pap fon pa nou pap lagel ba yo
Yo vle pran ti bout tè a pou fè afè pa yo
Yo fè granmoun kriye
Yo fe ti moun kriye
Men Dlo pa janm koule nan je pa yo
-Merijhon-
Janw wè la cho a nou pwal moute volim nan
Kote ponpye c nou k pwal responsab krim nan
Nou vin ak volkan w vin ak dlo
Ki entansyonw
Nou vin ak volkan w vin ak dlo
Ki entansyonw
Pasem brikè svp
Pasem lighter svp
Pasem brikè svp
Nou vin la pou gènnou pa vin pou lapè
-KORAL-
Dife flanbe toto
pran sou toto
Dife limen toto
Nou boukannen toto (bis)
Pasem brikè svp
Pasem lighter svp
Pasem brikè svp
Nou vin la pou gènnou pa vin pou lapè
Dife flanbe toto
pran sou toto
Dife limen toto
Nou boukannen toto (bis)
-Koral-
oooooooo
ooooo
oooooo oooo ooooo
Nou pap fon pa nou pap lagel ba yo
Yo vle pran ti bout tè a pou fè afè pa yo
Yo fè granmoun kriye
Yo fe ti moun kriye
Men Dlo pa janm koule nan je pa yo
-Djemfresh ak KORAL-
1 nou plen moun devan nou
2 nou chaje dèyè nou
A goch a dwat nou plen kou ze
C nou kap fe koze
2 men anlè
Voye youn a goch
Voye youn a dwat
Kwaze dekwaze
2 men anlè
Voye youn a goch
Voye youn a dwat
Kwaze dekwaze
Pa desann nan foul la
Siw pa gen kansonw nan tay ou X3
-Djemfresh -
M pa nan pale anpil
M vin la poum chill
Fò m chill
Nap danse kanmèm
Menm si problèm yo anpil
Yooowww
Fèm wè
mayo anlè
Fem we
Mayo anlè
Vire yo
Vire yo
Pa desann nan foul la
Siw pa gen kansonw nan tay ou X3
pou lè nap pouse pouse pouse
pou lè nap gaye gaye gaye
pou lè nap kraze kraze kraze
pou lè nap dedouble dedouble
-Merijhon -
pou kiyès lari an
sak mèt pakou sa
Jazz peyi a
Jazz champion an
Sak toujou lave beton an
se chak ane kontra renouvle
Chak ane kontra renouvle
-A Gate’s & Koral-
Kot fidèl yo mete n an pozisyon
Ansanm nou pral aprann on ti leson
Avanse su jazz nou
Avanse pi pre nou
- Koral-
Men goch mw sou pwatrinn mw
M leve men dwat anlè
Map mouri avek jazz mw nan kè mw
Map mouri avek hotmen sou kè mw
Ещё видео!